|
SEKSYON 2 EGZIJANS KONSTRIKSYON DWA PASAJ A. Pèmi ak Pwosedi pou Dwa Pasaj 4. Koneksyon Antre Kay Dekoratif an Beton Kondisyon Pèmi pou Koneksyon Antre Kay Dekoratif an Beton: a) Evalyasyon Pwopriyete Sètifye ki gen mwens pase 2 zan b) Kat (4) seri plan, pwofil/seksyon trase a echèl (gwosè minimòm 11″x17″) – gade estanda konstriksyon minimòm ki anba yo. c) Prèv Pwopriyetè pou pèmi konstriksyon Pwopriyetè/Konstriktè (ake garanti, dokiman evalyasyon taks pwopriyete.) d) Prèv lisans Kontraktè a avèk Eta Florid ak Konte Miami-Dade e) Yon kosyon minimòm $500 pou chak apwòch antre kay obligatwa pou pèmi Pwopriyetè/Konstriktè a. f) Pèmi Depatman Transpò Florid la obligatwa pou wout leta yo ak wout Eta ki gen dwa pasaj: Alton Road, 5th Street, 41st Street (Arthur Godfrey Rd), Collins Avenue, 63rd Street, 71st Street/Normandy Drive., ak Indian Creek Drive. Pa gen okenn apwòch antre kay dekoratif ki otorize sou wout FDOT yo. g) Pèmi Konte Miami-Dade obligatwa pou wout ak dwa pasaj Konte a (Travay Piblik Konte Miami-Dade 111 NW 1st Street, Miami FL 33132 – Tel. 305-375-2142) Wout Konte Miami-Dade: 23rd Street, Dade Blvd, Pine Tree Drive, La Gorce Drive ak Venetian Causeway h) Antretyen Plan Sikilasyon (MOT). Yo ka bezwen yon ofisye Lapolis Miami Beach ki pa nan sèvis oswa yon moun ki sètifye pa FDOT. Jeni Travay Piblik la ap pran yon desizyon. i) Bay yon akò restriksyon pou yo siyen, notarye epi anrejistre nan Grefye Tribinal Konte Miami-Dade pou enstalasyon dekoratif nan antre kay la. |