Ta nan apremidi a, yon kontraktè prive te frape yon tiyo dlo 20 pous toupre Alton Road nan 6yèm Ri, sa ki te lakòz yon tiyo dlo kase. Akòz gout presyon dlo a, Yon Avi Prekosyon pou Bouyi Dlo an vigè pou tout zòn ki nan sid 23yèm Ri a, soti nan lanmè a rive nan bè a, ki gen ladan katye Sunset Harbour la.Zile Venetian yo PA fè pati avi sa a.
Avi prekosyon pou bouyi dlo a ap rete an vigè jiskaske rezilta tès dlo potab la pase pandan de jou konsekitif, dapre Kòd Administratif Florid la.
Yo konseye rezidan yo, vizitè yo, ak biznis yo pou yo bouyi tout dlo yo itilize pou bwè, pou kwit manje/prepare manje, pou fè glas, pou bwose dan oswa pou lave asyèt. Yon ti bouyi dlo woulo pandan yon minit sifi. Ou ka itilize dlo nan boutèy kòm yon lòt opsyon.
Vil Miami Beach la ap avize rezidan ak biznis yo lè yo leve Avi Prekosyon pou Bouyi Dlo a.
Voye tèks MBAlert nan 888777 pou resevwa notifikasyon sou aparèy mobil ou.
###