Sèvis Transpò Sou Demann pou Rediksyon Trafik Collins Avenue
Vil Miami Beach ak Freebee mete tèt ansanm pou ofri yon pwogram pilòt bay rezidan ak vizitè Miami Beach yo pou adrese defi mobilite ak pakin sou Collins Avenue pandan pwojè Rediksyon Inondasyon Indian Creek Drive la.
Otorite vil yo ap lanse yon sèvis gratis sou demann pou vwayaje sou Collins Avenue ant lari 23 ak 44. Ni orijin lan ni destinasyon an dwe nan limit sa yo. Nouvo sèvis la ap disponib sèt jou sou sèt soti 8è dimaten pou rive minwi apati lendi 28 jen, epi l ap fonksyone omwen jiska 30 septanm.
Rezidans yo ak vizitè yo ka mande yon woulib an tan reyèl atravè aplikasyon Freebee a, lè yo rele 855.918.3733 oubyen lè yo rele chofè a. Tout pasaje yo dwe mete mask. Yo otorize jiska kat pasaje pa vwayaj. Zòn sifas moun touche souvan yo pral dezenfekte apre chak vwayaj. Timoun ki poko gen 12 an dwe akonpaye pa yon paran oswa yon gadyen legal.
Pou zafè sèvis kliyan (kesyon, kòmantè oswa plent), tanpri kontakte Depatman Transpò ak Mobilite Vil la nan 305.673.7514.