Inyon Kredi Federal Miami Beach
INYON KREDI FEDERAL MIAMI BEACH
Antanke anplwaye Vil Miami Beach, ou gen dwa vin manm nan Miami Beach Federal Credit Union (MBFCU). Manm nan MBFCU a se yon gwo privilèj paske se sèlman anplwaye Vil Miami Beach yo ak fanmi pwòch yo ki ka rantre. Avèk depo dirèk chèk ou a nan kont MBFCU ou a, ou ka jwi kont epay ak kont chèk san okenn chaj mansyèl, ak kat ATM san okenn frè itilizasyon, kèlkeswa kote ou itilize li.
Ou ka jwi to enterè ki ba sou prè kay, prè bato, prè oto, ak prè pèsonèl.
Kat VISA MBFCU a gen to konpetitif ak prim bonis, pa gen frè anyèl ni frè avans lajan kach!

Tout kont epay yo asire jiska $100,000 pa NCUA, yon ajans gouvènman federal. Pou plis enfòmasyon, vizite oswa rele biwo MBFCU a, 555 - 17 Street oswa rele 305 531-8713. Orè biwo MBFCU a se soti 9:00 am pou rive 2:30 pm, lendi pou rive mèkredi; 9:00 am pou rive 1:00 pm, jedi; ak 8:00 am pou rive 3:00 pm vandredi.