
Enfòmasyon sou Resiklaj

Sanitasyon - Resiklaj
Resiklaj "yon sèl kouran" sa vle di ou p ap bezwen separe materyèl resikle ou yo ankò.
Ki materyèl mwen ka mete nan panyen resiklaj la?

- Pwodwi Papye: jounal, magazin, katalòg, anyè telefòn, papye enprimant, papye fotokopi, lapòs, tout lòt papye biwo san kouch sir
- Katon: bwat anbalaj, bwat sereyal, bwat kado, katon ondile; plati tout bwat yo anvan ou mete yo nan kabwa ou.

- Resipyan plastik (kou etwat sèlman): boutèy (san bouchon ni kouvèti), lèt, dlo, savon ak chanpou (san bouchon).
- Kontenè aseptik: bwat bwason polikouvè, katon ji, katon lèt
- Vè: resipyan manje ak bwason an vè (klè, mawon ak vèt)
- Metal yo: resipyan pou manje ak bwason an aliminyòm ak an asye

- Se sèlman resipyan plastik ki gen senbòl etikèt triyang lan #1, #2, #3, #4, #5, #6, #7 yo ka resikle kounye a. Ou ap jwenn nimewo sa yo nan baz veso a (kou etwat sèlman).
Kisa ki PA otorize nan kabwa a?

- Pil: pil sèk, pil plon-asid
- Fatra oubyen lòt dechè ki pa resikle tankou silenn gaz, tank, wòch, pousyè tè, debri konstriksyon, pwodui ki ka pran dife
- Sèten pwodui an vè: vit fenèt oswa vit machin, anpoul, miwa, istansil kwizin oswa boulanjri an vè, seramik
- Sak plastik
- Styrofoam
- Pwodui chimik pou kay la: penti, pestisid
- Dechè medikal ak pwodui famasetik
- Dechè elektwonik ak akseswa: Odinatè, monitè, televizyon, katouch enprimant, klavye, telefòn selilè, CD ak DVD

- Lòt materyèl ki pa resikle: Krok rad, ti aparèy, plato mikwo ond
Ki kote pou m mete kabwa a pou m vin chèche l?
JOU RESIKLAJ YO SE MÈKREDI
- Jis woule kabwa ou a sou twotwa a anvan 7è nan maten mèkredi.
- Mete kabwa resiklaj ou a nan yon distans 3 pye de lari a epi omwen 5 pye de bwat lèt, machin ki estasyone, oswa lòt obstak (poto limyè, kab ak/oswa lòt fil elektrik).
- Wou yo dwe fè fas ak kay ou; apre ou fin pran bagay yo, retounen kabwa a nan plas li.
Se pwopriyetè bilding lan ak/oswa asosyasyon an ki bay sèvis resiklaj pou fatra komèsyal/prive.
Pou plis enfòmasyon sou resiklaj, tanpri kontakte Divizyon Sanitasyon an nan 305.673.7616.